Enfòmasyon Jeneral
Travayè swen sante premye liy yo te viv yon kokennchenn estrès pandan pandemi COVID-19 la. Objektif MASStrong se kore mendèv sa a — pandan l ap priyorize kouray yo avèk byennèt yo. MASStrong konsantre li sou travayè ki bay moun swen nan kay ki an premye liy epi ki touche yon ti salè. Travayè sa yo se sitou fanm ki pa blanch, refijye, ak imigran epi anpil nan yo pa pale Anglè kòm lang matènèl yo. Nannan misyon pwogram MASStrong la se kore travayè swen sante sa yo ki jwe yon wòl enpòtan men ki frajil anpil yo.
Tout Detay Pwogram Nan
MASStrong ofri travayè sante premye liy yo yon opòtinite pou yo patisipe nan twa (3) ti sesyon gwoup, kote moun ki fè menm kalite travay yo, epi yo itilize modèl GPS Group Peer Support la.
Sesyon yo pral disponib atravè Zoom. Patisipan yo ka resevwa jiska $180 nan kat kado, apre yo fin enskri epi fin ranpli sondaj suivi yo. Yo pral itilize reyaksyon yo pou amelyore pwogram nan.
Sesyon yo pral kòmanse nan mitan mwa Novanm 2022 a epi yo pral fini nan mwa Desanm 2022. Chak gwoup sipò pral dire 1 èdtan edmi epi pral genyen ant 7 jiska 15 patisipan.
Kontakte nou pou w ka jwenn plis enfòmasyon
Si w konnen nenpòt moun ki ta renmen patisipe, tanpri pataje lyen sa a. Pou w jwenn plis enfòmasyon konsènan sesyon gwoup yo, rele nan 413-570-0862 oswa voye yon mesaj imèl nan info@grouppeersupport.org.